Accessibility links

Breaking News

Prezidan Direktè Jeneral BP a, Tony Hayward, Pral Kite Pòs li


Prezidan Direktè Jeneral gwo konpayi petwòl britanik British Petroleum ( BP) Tony Hayward, pral kite pòs li nan dat premye oktòb pwochen aprè li resevwa anpil kritik pou jan li jere kriz ki pete akoz yon pui petwòl konpayi a ki fuit e k ap lage gaz nan Gòlf Meksik la (se pigwo dezas konsa ki rive nan tout listwa konpayi petwol-yo Ozetazini).

BP --ki genyen katye jeneral li nan La Grand Bretay-- fè patèt madi 27 jiyè 2010 la yon deklarasyon kote li di, se tout manm Konsèy Adminitrasyon konpayi an ki mete ansanm pou yo pran desizyon sa a.

Misye Hayward te anba gwo presyon pou l bay demisyon n pou jan konpayi an te reyaji aprè yon eksplosyon ki te fèt le 20 avril pase nan platfòm yon pui li genyen nan Gòlf Meksik la kote 11 travayè te pèdi lavi yo; eksplozyon an te fin pa pwovoke yon dezas anviwonnmantal.

Aprè Tony Hayward (yon sitwayen britanik) va kite tèt konpayi a, se ameriken Robert Dudley ki pral ranplase l.

XS
SM
MD
LG