Accessibility links

Breaking News

Prezidan Chavez Rejte Nouvo Anbasadè Lèzetazini Nonmen nan Venezuela


Anbasadè Larry Palmer
Anbasadè Larry Palmer

Prezidan venezuelyen an, Hugo Chavez, mande pou Lèzétazini demontre kapasite pou l koupe relasyon diplomatik li ak Venezuela nan kad mezantant ki egziste ant Washington ak Karakas sou chwa nouvo anbasadè ameriken an nan nasyon sid-amerikèn nan.

Mesye Chavez fè konnen madi 28 desanm 2010 la Washington mèt fè tout sa l vle , men diplomat Larry Palmer pap antre sou teritwa venezuelyen an. Lèzétazini te nonmen mesye Palmer kòm anbasadè ameriken nan Karakas, sa gen 4 mwa.

Depatman deta a di refi Venezuela bay kont nominasyon Larry Palmer a kapab genyen move konsekans sou relasyon ant 2 peyi yo.

XS
SM
MD
LG