Accessibility links

Breaking News

Prezidan Chavez Predi l ap Genyen Elekensyon Mwa Oktòb la


Nouvo pwoblèm sante Chavez lakòz moun ap poze kesyon pou konnen si li gen kapasite pou l al chèche yon 3zyèm manda
Nouvo pwoblèm sante Chavez lakòz moun ap poze kesyon pou konnen si li gen kapasite pou l al chèche yon 3zyèm manda

Prezidan venezuelyen an, Hugo Chavez, sèmante li pral ranpòte eleksyon mwa Oktòb la, nan premye deklarasyon piblik li fè apre operasyon li sibi nan Kiba semèn sa a pou retire yon timè nan rejyon pèvis li.

Yè apremidi, misye Chaze te voye yon mesaj sou Tittwè bay pèp venzuelyen an pou l di «mwen voye tout lanmou mwen pou nou. Nou pral viv e nou pral ranpòte eleksyon an »

Vis-prezidan Elia Jaua, di li te pale ak prezidan Chavez mèkredi e li dekri lidè venezuelyen an kòm yon moun « k ap repran kò li, e ki plen enèji ».

Misye Jaua di doktè kiben yo te retire yon lezyon nan kò prezidan Chavez ak kè moso chè ki te alantou lezyon an. Rezilta tès ya p fè sou moso chè yo dwe sòti nan jou k ap vinn la yo.

Nouvo pwoblèm sante misye Chavez yo lakòz moun ap poze kesyon pou konnen eske li genyen kapasite pou l al chèche yon 3zyèm manda e dirije gouvènman an.

XS
SM
MD
LG