Accessibility links

Breaking News

Prezidan Bill Clinton ap Vizite Ayiti Jedi 8 Septanm 2011 la


Ansyen Preezidan ameriken an Bill Clinton (foto achiv)
Ansyen Preezidan ameriken an Bill Clinton (foto achiv)

Yon nòt pou laprès ki sòti nan Biwo Laprès Fondasyon Wiliam Jefferson Clinton nan Nouyòk fè konnen Prezidan Bill Clinton prale ann Ayiti jedi 8 septanm 2011 la.

Nan la matine, misye Clinton ak Prezidan Michel Martelly pral fè yon anons nan palè nasyonal la.

Laprès envite pou kouvri anons sa a. Nan aprèmidi, Misye Clinton pral vizite yon pwojè ki rele «Apparent Project» ; se yon atelye-boutik pou atizan nan Delmas ki anplwaye 180 ayisyen.

Laprès kapab reponn prezan pou fè repòtaj sou vizit sa a tou.

XS
SM
MD
LG