Accessibility links

Breaking News

Prezidan Biden Di Tretman Migran Ayisyen yo Resevwa Se 'Yon Wont'


Ayisyen Ameriken chante slogan pandan yon manifestasyon nan Boston, 24 Sept. 2021
Ayisyen Ameriken chante slogan pandan yon manifestasyon nan Boston, 24 Sept. 2021

Prezidan Ameriken Joe Biden deklare Vandredi lap pran tout responsabilite pou move tretman Ayisyen yo sou frontye Etazuni ak Meksik. Biden deklare sityasyon migran yo, kote sa gen kek jou desa, moun te we imaj gad frontye ap konfronte migran yo yon fason agresif, yon "wont" pou peyi a.

Nan pale li te fe ak jounalis Mezon Blanch yo, Biden di sete yon bagay orib pou we moun k'ap resevwa move tretman sa a.

"Byen su mwen aksepte responsabilite. Sete yon bagay orib pou gade," Prezidan Biden deklare. "Pou we y'ap trete moun konsa ak chwal ki preske mache sou yo se yon bagay terib e mwen pwomet ou moun ki responsab yo va peye konsekans yo. Nap mennen anket sou sa e ap genyen konsekans. Ap gen konsekans. Se yon wont e pi mal pase sa li danjre li pa korek li voye move mesaj la bay le mond li voye move mesaj bay Ameriken. Sa pa reprezante kiyes nou ye."

Prezidan Biden fe komante sa yo ve fen yon semenn ki plonje administrasyon li a nan yon kriz poutet move tretman plizye milye Ayisyen ki te enstale nan yon kan anba yon pon nan vil Del Rio, sou frontye eta Texas ak Etazuni ak espwa yo tap kapab antre Ozetazuni.

Yon bouldoze bo kote yon paket debri, pandan anplwaye leta ap netwaye zon kote migran yo - anpil nan yo se Ayisyen - te pran refij tou pre pon Del Rio a, nan Texas.
Yon bouldoze bo kote yon paket debri, pandan anplwaye leta ap netwaye zon kote migran yo - anpil nan yo se Ayisyen - te pran refij tou pre pon Del Rio a, nan Texas.


Pandansetan, Sekrete Sekirite Nasyonal la, Alejandro Mayorkas anonse jodia, pa gen okenn migran anba pon Del Rio a sou frontye Etazuni ak Meksik.

"Wiken pase a nou te gen apepre 15 mil migran anba pon Del Rio a, mwen te pran angajman pou'm jere sa nan 10 jou - e jodia pa gen okenn," Sekrete Mayorkas deklare. " E sa se gras ak resous depatman Sekirite nasyonal la genyen epi asistans lot ajans gouvenmantal."

Migran Ayisyen fe la ke pou mone nan otobis tou pre pon entenasyonal Del Rio a nan vil Del Rio, Texas, 24, Sept. 2021.
Migran Ayisyen fe la ke pou mone nan otobis tou pre pon entenasyonal Del Rio a nan vil Del Rio, Texas, 24, Sept. 2021.


Sekrete Mayorkas di Prezidan Biden pran angajman pou'l fe refom nan sistem imigrasyon an.

" Prezidan an mete gwo aksan sou sa depi premye jou manda li - premyeman sak pi enpotan an - sistem imigrasyon nou pa fonksyone kom sadwa e nou bezwen refom lejislatif," Sekrete Mayorkas deklare.

Pi bone semen sa a Vis Prezidan Kamala Harris te pran la pwol pou kondane zak sa a tou.

Facebook Forum

XS
SM
MD
LG