Ozetazini, devan 2 chanm Kongrè a reyini, Prezidan Barack Obama prezante mesaj tradisyonèl yon lidè ameriken sou Eta Inyon an -sètadi yon diskou sou sitiyasyon jeneral la Ozetazini. Se 3èm mesaj konsa misye Obama mete devan kongrè a e devan pèp la depi li te monte sou pouvwa a.
Tankou tout lòt prezidan ameriken anvan li, misye Obama te antre nan sal la anba gwo aplodisman. Aprè li te pase yon moman ap bay moun nan asistans la lanmen, ap bo medam ki te tou prè koulwa kote li te pase pou l ale sou podyòm nan,ap salye zanmi ak lòt moun ki t ap swete l bòn chans, Prezidan an te kòmanse pale pou l fè yon diskou ki raple Lèzetazini twouve l nan yon ane elektoral, kote gen gwo divizyon nan Kongrè a epi piblik la gen anpil kè-sote akoz sitiyasyon ekonomi amerikèn nan.
Misye Obama di: “Aswè a, mwen vle pase de fason nou kapab ale de lavan e mete sou pye yon plan pou yon ekonomi ki prepare pou l dire, yon ekonomi ki baze sou manifakti amerikèn, sou enèji amerikèn, sou talan travayè ameriken e sou renouvo prensip ameriken yo.”
Prezidan an ensiste sou youn nan tèm kanpay l ap mennen pou re-eleksyon li : sètadi travay pou redui innegalite ki egziste nan salè moun rich yo ak lajan lòt ameriken yo ap touche, epi travay pou kreye yon ekonomi ki pi jis:
“Nou kapab aksepte yon peyi kote yon ti kantite moun kap vin pi piti, reyisi trè-trè byen, tandiske se apèn si yon gwo kantite ameriken kapab fè lajan pou yo viv; oubyen, nou kapab retabli yon ekonomi kote tout moun gen chans yo, tout moun fè travay yo dwe fè, e tout moun respekte règ jwèt la.
Pèsonalite ki bay repons pati opozisyon an (pati repibliken an), se gouvènè Eta Indiana, Mitch Daniels. Li denonse ak tout fòs li sa li konsidere kòm karaktè ektremis pwogram administrasyon Obama a genyen pou Lèzetazini, paske se yon politik ki, daprè misye Daniels, ankouraje moun pou yo rete pòv –oubyen ki pwone yon sistèm k ap fè moun vin pòv.
Gouvènè Mitch Daniels di:
“Pa gen yon aspè nan prezidans Obama a ki pi tris pase efò li pa sispann fè pou l divize nou, pou l jwenn favè yon gwoup ameriken gras ak yon politik ki pini lòt ameriken. Tankou sa te rive nan moman danje nou deja wè nan istwa nasyonal nou, nou tout ameriken, nou twouve nou nan menm bato a."
Nan Mesaj sa a, Prezidan an pale tou de gwo reyalizasyon Lèzetazini fè sou plan entènasyonal la pandan manda li sou pouvwa a, sitou viktwa peyi a ranpòte pandan 12 mwa ki pase yo. Li pale, pa egzanp, de fen lagè Irak la, pwogrè ki fèt nan lagè Afganistan an ak lanmò lidè rezo teworis al-Kayda, Osama Bin Laden.
Sou dosye politik entènasyonal la li di :
"Se tou patou nan lemond moun kapab sant lidèchip Lèzetazini ap repran jarèt. Nenpòt moun ki di nou le kontrè, nenpot moun ki di nou Lèzetazini ap penyen lage, oubyen enfliyans nou ap bese nan lemond, ebyen, moun sa a pa konn sa l ap di. "
Prezidan Obama pral mete plan ekonomik li a devan pèp ameriken an pèsonèlman e dirèkteman avèk yon toune 3 jou l ap kòmanse mèkredi 25 janvye a e kap mennen li nan 5 eta.
Pou kèk reyaksyon sou mesaj Prezidan Obama sou Eta Inyon an, Lyonel Desmarattes pale ak ekonomis e analis politik Harry Fouché k ap di, antwòt, sa l panse de nouvo plan ekonomik misye Obama anonse pou kapab genyen yon sosyete amerikèn ki pi just.
Klike sou lyen ki nan kòmansman atik la pou w koute reyaksyon Harry Fouché.