Accessibility links

Breaking News

Prezidan Barack Obama ap Selebre 50èm Anivèsè Nesans li


Prezidan ameriken an Barack Obama
Prezidan ameriken an Barack Obama

Prezidan ameriken an, Barack Obama, ap selebre 50èm anivèsè nesans li jedi 4 out 2011 la. La Mezon Blanch anonse misye Obama ap make okazyon an ak o-mwen 2 jou selebrasyon ki kòmanse mèkredi nan vil kote lidè ameriken an te abite anvan li te vin prezidan --an palan de vil Chicago.

Aprè yon semèn batay politik sou nivo plafon bidjè federal la ak rediksyon defisi nasyonal la, Prezidan Obama te retounen mèkredi nan Chicago kote li kòmanse selebre anivèsè li avèk yon gwoup ki te genyen ladan n anviwon 2400 zanmi.

Prezidan ameriken an Barack Obama lè li te yon ti bebe
Prezidan ameriken an Barack Obama lè li te yon ti bebe

Prezidan Obama di foul la:

“Tou dabò, mwen vle di mwen pa ta kapab genyen yon pi bèl kado danivèsè ki vini bonè konsa pase posiblite pou m pase sware a avèk nou isit la. Nou di nou remmen mwen – mwen renmen nou tou.”

Misye Obama se 3èm pami 44 lidè ameriken ki selebre 50èm anivèsè li pandan li sou pouvwa a: premye- a se Théodore Roosvelt, an 1908; epi 2èm nan se Bill Clinton, an 1996.

XS
SM
MD
LG