Accessibility links

Breaking News

Prezidan Barack Obama ap Fè Yon Tounen nan Otobis nan Sant Lèzetazini


Prezidan ameriken an Barack Obama
Prezidan ameriken an Barack Obama

Prezidan ameriken an, Barack Obama, ap kontinye yon virewon nan otobis l ap fè nan pati sant-wès peyi a (The Middle West) kote l ap eksplike politik ekonomik li a nan moman l ap reyaji sou kritik ki di kòmkwa li pa fè ase efò pou l ede ekonomi an rekanpe sou 2 pye l, ni li pa pran dispozisyon ki nesesè pou l desann to chomaj la ki wo anpil.

Prezidan Obma genyen pou l asiste yon fowòm ekonomik riral nan eta Iowa, yon jou apre li te pale ak moun zòn nan e ak moun Eta Minnesota. Prezidan Obama deklare lendi l ap fè preparasyon pou l mete devan Kongrè a yon plan relans pou ekonomi peyi a lè depite yo ak senatè yo va retounen nan travay nan mwa septanm nan.

Mesye Obama te lanse yon apèl bay Kongrè a pou mande l pwolonje aplikasyon lwa sou rediksyon taks sou sale yo, aji sou lwa sou komès yo e vote lwa pou kreye djòb. Eta Iowa benefisye yon gwo atansyon politik depi kèk jou deja, apre rezilta yon sondaj ki te soti samdi e ki montre se youn nan eta prefere nan mitan kandida Pati Repibliken an pou eleksyon prezidansyèl ki gen pou dewoule nan ane 2012 la.

XS
SM
MD
LG