Accessibility links

Breaking News

Prezidan Bank Mondyal la Anonse Demisyon l


Robert Zoellick
Foto: Bullit Marquez/dapd/AP
Robert Zoellick Foto: Bullit Marquez/dapd/AP

Prezidan Bank Mondyal la, ameriken Robert Zoellick, anonse l ap kite pòs li okipe depi 5 kan nan tèt enstitisyon entènasyona la le 30 jen 2012 la, jou manda li ap rive nan bout.

Misye Zoellick anonse demisyon li e li deklare li satisfè deske enstitisyon an ki gen katye-jeneral li nan Washington, DC ogmante pwogram li yo pandan administrasyon li an.

Li fè konnen pandan peryòd li a, Bank Mondyal te prete peyi an devlopman yo 247 milya dola pou ede yo ogmante kwasans ekonomik yo e ede yo simonte lamizè.

Li ajoute Bank la refòme yon fason ki fè l vinn pi rapid, pi efikas e pi louvri.

XS
SM
MD
LG