Accessibility links

Breaking News

Prezidan Jovenel Moise Lanse yon Kanpay pou Remanbre Sektè Agrikòl la ann Ayiti


Prezidan Ayisyen Jovenel Moise, devan e nan mitan, ak yon chemiz ble pal sou li, ansanm ak Premye Minis Jack Guy Lafontan, agoch, ak yon mayo ble sou li, akonpanye ak plizyè manm gouvènman an pandan yon vizit nan Depatman Grand Ans peyi Dayiti nan mwa mas 2017 pase a, apre nouvèl yo te fè konnen gen moun kap viv nan gwòt depi apre pasaj siklòn Matthew nan rejyon an. (Foto koutwazi/Jounalis Magloire Belenfant, 31 mas 2017, Jeremi, Ayiti)
Prezidan Ayisyen Jovenel Moise, devan e nan mitan, ak yon chemiz ble pal sou li, ansanm ak Premye Minis Jack Guy Lafontan, agoch, ak yon mayo ble sou li, akonpanye ak plizyè manm gouvènman an pandan yon vizit nan Depatman Grand Ans peyi Dayiti nan mwa mas 2017 pase a, apre nouvèl yo te fè konnen gen moun kap viv nan gwòt depi apre pasaj siklòn Matthew nan rejyon an. (Foto koutwazi/Jounalis Magloire Belenfant, 31 mas 2017, Jeremi, Ayiti)

Prezidan ayisyen an Jovenel Moise jan l te deja anonse l la, lanse sa li rele yon “Karavann Chanjman” nan objektif li di pou l ogmante pwodiksyon nasyonal la pandan 5 pwochèn ane li gen pou l pase sou pouvwa a.

Senbolikman, nan okazyon jounen Premye Me a ki se fèt agrikilti ann Ayiti, e ke rès mond la konsidere kòm fèt travay, chèf deta a chwazi Depatman Latibonit la pou I demare pwojè Karavann Chanjman an, yon fason pou l bay sektè agrikòl la plis jarèt pou l kapab rekomanse alimante pwodiksyon lokal la kòm sa dwa.

Pandan 45 jou kap vini la yo, Prezidan Moise pwomèt: netwayaj kanal irigasyon, konstriksyon ak reparasyon jaden agrikòl nan vale Latibonit la. Apre sa, Karavan nan pral deplase nan direksyon lòt depatman yo.

Dapre anpil obsèvatè, youn nan kote kap tann Karavann Chanjman an se Depatman Sid peyi a ke yon inondasyon sot frape nan fen mwa avril 2017 la, san bliye destriksyon siklòn Matthew te fè nan menm zòn nan sa gen 6 mwa sèlman.

Prezidan Asosyasyon Majistra Sid yo, Fritzner Chery, mande pouvwa santral la pou l pa pran tan pou debake ak Karavann Chanjman an nan Depatman Sid la kote abitan yo paka tan ankò.

Yon lòt kote, kèk ekspè nan domèn agrikòl la bat bravo pou inisyativ Prezidan Moise la. Sepandan yo panse gen rekòmandasyon otorite yo ta dwe swiv si yo vle pwojè a reyisi. Dapre ekspè yo, sektè agrikòl la dwe modènize pou l kapab reponn ak ekzijans mache a e ak bezwen alimantè popilasyon ayisyèn nan. Pami ekspè ki pataje ide sa yo genyen Joseph Nesto Pierre ki se yon espesyalis agrikòl kap viv nan vil Boston nan eta Massachusetts isit Ozetazini ak ansyen premye minis sou Prezidan Rene Preval la, Agwonòm Jacques Edouard Alexis. Mesye Alexis di otorite yo dwe fòme jèn yo pou pote kole nan devlopman sektè agrikòl la.

Si gen kritik ki fè kwè pwojè Karavann Chanjman an se sèlman yon cho medyatik, e ke li pa pral bay rezilta otorite yo ap chache a, Prezidan Jovenel Moise di tann rezilta a avan yo kritike l.

XS
SM
MD
LG