Accessibility links

Breaking News

Etazini ak End Ap Travay sou yon Gwo Akò Komèsyal


Prezidan ameriken an Donald Trump ak Premye minis endyen Narendra Modi. Foto: 23 fevirye 2020 an.
Prezidan ameriken an Donald Trump ak Premye minis endyen Narendra Modi. Foto: 23 fevirye 2020 an.

Premye minis Narendra Modi ak Prezidan Ram Nath Kovind rankontre ak prezidan Donald Trump jodi madi 25 fevriye 2020 an nan yon seremoni ki dewoule nan salon dakèy Palè New Delhi a.

Prezidan ameriken Donald Trump, premye dam ameriken an Melania Trump ak premye minis endyen an Narendra Modi nan Mezon Hyderabad nan New Delhi, End, madi 25 fevriye 2020. (AP Photo/Alex Brandon)
Prezidan ameriken Donald Trump, premye dam ameriken an Melania Trump ak premye minis endyen an Narendra Modi nan Mezon Hyderabad nan New Delhi, End, madi 25 fevriye 2020. (AP Photo/Alex Brandon)

Seremoni sa a antre nan kad yon dezyem e denye jounen vizit lidè ameriken an ki twouve l sou teritwa endyen an ansanm ak premyè dam nan, Melania Trump, kote yo tou lè 2 te pwofite al depoze yon kouwòn sou mozole Mahatma Ghandi a, anvan 2 rankont bilateral ki te programe avek misye Modi .

Apre sa, Prezidan Trump te retounen nan palè a pou patisipe nan yon bankè lidè peyi End la te òganize nan onè l. Lidè ameriken an bay yon konferans deprès tou nan New Dehli, kote li di gouvènman endyen an mete gwo tarif sou motosiklèt Harley Davidson alòske Etazini prèske pa mete tarif limenm sou pwodui endyen kap antre sou teritwa ameriken an.

Sepandan, prezidan Trump ajoute, pi gwo pwodiktè asye endyen an envesti nan peyi lap dirije, yon demach ki reveye endistri metalijik la Ozetazini, yon sektè ki te fin mouri anvan li te monte prezidan.

XS
SM
MD
LG