Nan peyi Ajantin , responsab yo fè konnen, prezidan Cristina Fernandez de Kirchner ap retounen travay apre l te sibi yon operasyon nan kòmansman mwa janvye kote doktè retire tiwoyid a pou swa dizan yon tretman pou kansè.
Vis-prezidan Amado Boudou ki te kenbe pou prezidan an di prezidan Fernandez ap retounen an « plèn fòm ». Doktè te soti yon dyagnostik anvan fèt nwèl yo e ki te di Prezidan an ki gen 58 tan te gen yon kansè tiwoyid .
Konsa li te sibi yon operasyon nan dat 4 janvye. Apre sa yon tès nan tisi yo te montre dyagnostik avan n te fo e ke nodil nan tiwoyid li yo pat prezante vrèman yon danje pou lavi l. Prezidan Fernandez te monte sou pouvwwa a an desanm 2007. Li te re-eli ann oktòb 2011.