Accessibility links

Breaking News

Prezidan Afgan an Kondane yon Atak L'OTAN ki Touye 8 Timoun


Prezidan afgan an, Hamid Karzai, (AP Photo/Michel Spingler)
Prezidan afgan an, Hamid Karzai, (AP Photo/Michel Spingler)

Prezidan afgan an, Hamid Karzai, kondane yon atak fòs Oganizasyon Trete Atlantik Nò (l’Otan) yo li di di ki touye 8 timoun nan lès peyi li.

Misye Karzai reklame yon ankèt sou atak koalisyon an lanse mèkredi 8 fevriye a sou rejyon Nejrab, nan pwovens Kapisa .

Lidè afgan an deziye yon delegasyon pou al mennen ankèt sou bonbadman l’Otan an e li prezante kondoleyans li bay fanmi viktim yo.

Ajans Frans Près site yon pòtpawòl Oganizasyon Trete Atlantik Nò a ki senpleman konfime genyen yon ekip konjwen yo voye sou sit ensidan an pou ankete sou sitiyasyon an.

XS
SM
MD
LG