Accessibility links

Breaking News

Prezidan Ortega Mete l An Pozisyon Pou l Fè yon 3èm Manda


Managua, Nicaragua (AP Photo/Esteban Felix)
Managua, Nicaragua (AP Photo/Esteban Felix)

Prezidan Nikaragwa a, Daniel Ortega, sanble li sou wout pou l ranpòte yon viktwa lavalas nan demach lap fè pou l jwenn yon 3èm manda sou pouvwa a nan Nikaragwa.

Responsab elektoral yo di prezidan sòtan an, ki gen 65 kan, ranpòte plis pase 60% vwa nan eleksyon primè ki dewoule dimanch 6 novanm 2011 la.

Li genyen ase vòt pou l evite yon dezyèm tou, apre kontaj apeprè yon tyè bilten yo. Obsèvatè entènasyonal eleksyon an siyale kèk pwoblèm aksè ki te poze nan biwo d' vòt yo.

Msye Ortega jwen apwi anpil Nikaragweyen pòv gras ak pwogram asistans sosyal li a e ak èd finansye Prezidan venezyelyen an, Hugo Chavez--yon alye pwòch prezidan nikaragweyen an.

Popilarite l ogmante tou avèk apwi li anfavè systèm ekonomik mache lib la.

XS
SM
MD
LG