Accessibility links

Breaking News

Presyon Tiki sou Siri Pou l Sispann Atake Popilasyon Sivil la


Minis afè etranjè peyi Tiki a, Ahmet Davoutoglu ak Prezidan Siryen an Bashar al-Assad
Minis afè etranjè peyi Tiki a, Ahmet Davoutoglu ak Prezidan Siryen an Bashar al-Assad

Minis afè etranjè peyi Tiki a, Ahmet Davoutoglu, ap vizite vil Damas, kapital Siri, madi 9 out 2011 la.

Objektif vwayaj sa a se pou l fè presyon sou gouvènnman Prezidan Bashar al-Assad la pou li mete fen nan yon operasyon sere-boulon li lanse kont manifestan k ap pwoteste pou yo mande refòm demokratik nan peyi a.

Misye Davoutoglu ap fè vizit sa a nan Siri aprè gouvènman Tirk la te fè konnen li bouke atò ak jan sitiyasyon an prezante nan peyi vwazen an.

XS
SM
MD
LG