Accessibility links

Breaking News

Presyon ap Fèt pou FIFA Entwodui Nouvo Teknoloji Nan Match Foutbòl yo


Tout tan responsab FIFA yo pa dakò sèvi ak nouvo teknoloji nan spò popilè a, atlèt, klub ak seleksyon yo ap kontinye viktim desizyon degrenn gòch abit yo pran pandan yon match foutbòl

Komite Federasyon Entènasyonal Foutbòl Asosyasyon an pral fè deba pou konnen si wi ou non FIFA dwe adopte teknoloji video pou ede abit yo pandan yon match foutbòl. Kesyon sa a, ki pral diskite nan okazyon rankont komite a pral fè mwa sa a nan Peyi de Gal, tonbe apre yon seri erè abit ak jij de liy komèt pandan koup di mond Afrik di Sid la.

Misye Sepp Blatter devan yon bannyè FIFA
Misye Sepp Blatter devan yon bannyè FIFA

Prezidan FIFA a, Sepp Blatter, di chak erè yon abit komèt pandan yon rankont afekte popilarite disiplin nan. Msye Blatter di li espere komite ki okipe kesyon règleman yo pral eseye, yon lòt fwa, posibilite pou abit yo vizyonnen videyo yon aksyon avan li adopte yon desizyon ki kapab pwovoke polemik ak pawòl anpil. Msye Blatter ajoute FIFA pa kapab chanje sistèm aktyèl la pandan dewoulman konpetisyon an kap antre nan faz demi final lil.

Msye Blatter te asiste 2 rankont kote abit yo te komèt yon seri erè. Rankont sa yo se 8èm de final ant Angletè ak Almay la kote abit la te refize angle Frank Lampard yon gòl ki te tonbe dèyè liy gòl la (ligne de but) ak rankont ant Arjantin /Meksik la kote Carlos Tevez te òje ( hors-jeu). Msye Blatter te prezante ekskiz li bay jwè seleksyon angle e meksiken an. Blatter fè konnen FIFA pral etidye fason li ka amelyore sistèm abitraj la e kontwole pi byen rankont yo. « Nap demare ak yon nouvo konsèp sou fason pou n amelyore epi kontwòle match yo nan nivo gwo konpetisyon yo», dapre responsab foutbòl la ki rapousib pou l di « nap prezante nan fen Oktòb ou byen kòmansman Novanm nouvèl apròch la paske dwe gen yon chanjman. » selon msye Blatter ki te abòde kesyon sa a ak jounalis yo nan Joannesbourg ann Afrik di Sid.

FIFA te deja etidye, san siksè, posibilite pou l sèvi ak nouvo teknoloji nan okazyon koup di mond jwè ki gen mwen ke 17 yo an 2007 nan Pewou. Obsèvatè yo fè konnen plizyè disiplin deja ap sèvi ak teknoloji "replay a" ki disponib yo nan disiplin tankou baseball, hockey sou glas, baskètbòl, foutbòl ameriken ak tenis. Responsab disiplin sa yo di nouvo teknoloji a enpòtan paske li pèmèt yo pran bon desizyon pandan yon rankont. Moun ki an favè entwodiksyon video-replay nan match foutbòl yo di enstalasyon plizyè kamera sou teren an kapab ede detekte aksyon rapid pandan yon rankont.

Plizyè abit, ki reyaji, fè remake pifò desizyon yo adopte pandan yon rankont kòrèk e kèk nan erè yo komèt yo pa chanje rezilta final la. Abit Britanik Howard Webb di li akeyi tout desizyon ki vize amelyore disiplin nan. Msye Webb di :"mwen akeyi tout desizyon ki kapab fè n gen kredibilite devan piblik la kòm dirijan yon rankont foutbòl."

Fanatik ak analis foutbòl yo gen lontan depi yap mande entwodiksyon repasaj videyo pou pèmèt abit yo revize yon desizyon diskitab. Gen lòt gwoup ki mande pou gen plis abit sou teren an olye yon abit santral ak 2 jij de liy. Men msye Blatter ansanm ak lòt dirijan nan yerachi foutbòl mondyal la kouche an kwa kont tout chanjman yo di k ap kanpe elan yon rankont san li pa elimine tout erè yo.

Ekspè, analis, dirijan ak jwè yo rekonèt touttan responsab foutbòl yo pa dakò sèvi ak nouvo teknoloji nan spò popilè a, atlèt, klub ak seleksyonal yo ap kontinye viktim desizyon degrenn gòch abit yo ap pran pandan yon match foutbòl.

XS
SM
MD
LG