Accessibility links

Breaking News

Prestasyon Sèman Nouvo Prezidan Ayiti a, Michel Joseph Martelly


Michel Martelly prete sèman kòm nouvo prezidan Ayiti devan Palman an nan Pòtoprens, Ayiti samdi 14 me 2011 la. (AP Photo/Jean Jacques Augustin)
Michel Martelly prete sèman kòm nouvo prezidan Ayiti devan Palman an nan Pòtoprens, Ayiti samdi 14 me 2011 la. (AP Photo/Jean Jacques Augustin)

Plizyè diyitè etranje ak ansyen Chèf Deta Ertha Pascal-Trouillot, asiste nan vil Pòtoprens, kapital Ayiti, seremoni envestiti nouvo prezidan ayisyen an, Michel Joseph Martelly, samdi 14 Me 2011 la sou anplasman Palè Nasyonal la, ki te kraze nan tranbleman-d-tè 12 Janvye 2010 la.

Nan yon diskou, ki dire apeprè anviwon 20 minit, misye Martelly souliyen enpòtans tolerans nan sosyete ayisyen an. Prezidan an mande pou moun respekte byen zòt epi sispann anvayi pwopriyete prive.

Sou kesyon jistis la, msye Martelly deklare “peyi a dwe tounen yon kote pèsonn pa kapab mete tèt yo pi wo pase lalwa. Msye Martelly mande lapolis “prann men l pandan lap ede konbat kidnaping. Nouvo prezidan an, ki te pale an franse, kreyòl ak angle, pwomèt pou l konbat koripsyon pandan lap chache atire envestisman pou kreye travay nan peyi li.

Fè yon klik sou ikòn mp3 ki anwo, adwat paj wèb la, pou n koute diskou nouvo prezidan Ayiti a, Michel J. Martelly.

XS
SM
MD
LG