Accessibility links

Breaking News

Etazini: Prezidan Donald Trump Lanse Apèl pou Gen yon Nasyon Pi Ini


Prezidan ameriken an, Donald Trump, pandan li tap pale ak veteran lagè yo nan Konvansyon Nasyonal Lejyon Ameriken an nan Reno, Nevada, 23 out 2017.
Prezidan ameriken an, Donald Trump, pandan li tap pale ak veteran lagè yo nan Konvansyon Nasyonal Lejyon Ameriken an nan Reno, Nevada, 23 out 2017.

Nan yon diskou lidè ameriken an pwononse nan vil Reno nan eta Nevada, mèkredi 23 out 2017 la, li di: “Li lè pou n geri blesi ki divize nou.”

Diskou sa a vini you jou apre premye sitwayen ameriken an te fin pale ak plizyè milye sipòtè li, nan vil Phoenix nan eta Arizona kote anpil analis politik konsidere jan de pawòl li tap di yo se pawòl divizyon. Prezidan Trump te lanse mo piman bouk kont laprès pou repòtaj sou diskou li apre evènman vyolan ki te dewoule nan Charlottesville nan eta Virjini.

Sepandan nan diskou lokatè Mezon Blanch la fè tou suit apre nan konvansyon nasyonal Lejyon Ameriken an--yon gwoup veteran lagè--li deklare, “ "Sa ki define nou, se pa koulè po nou, ni chif ki sou chèk travay nou, ak ni pati politik nou. Olye de sa, sa ki defini nou se limanite ke nou pataje a, se sitwayènte nou e se nasyon mayifik sa a, e se lanmou ki plen kè nou.’’

XS
SM
MD
LG