Accessibility links

Breaking News

Etazini: Vizit Prezidan Trump nan Eta Florid ki Sibi Gwo Dega Pandan Pasaj Siklòn Irma


Prezidan Donald Trump ak Vis- Prezidan Mike Pence ak Premye Dam ameriken an, Melania Trump pandan yo tap rankontre viktim siklòn Irma yo nan Naples, Florid 14 septanm 2017. ( Foto: AP/EvanVucci)
Prezidan Donald Trump ak Vis- Prezidan Mike Pence ak Premye Dam ameriken an, Melania Trump pandan yo tap rankontre viktim siklòn Irma yo nan Naples, Florid 14 septanm 2017. ( Foto: AP/EvanVucci)

Prezidan an chante lwanj otorite Florid yo ki « merite konpliman » poutèt yo te lanse avètisman bonè e sa evite anpil moun pèdi lavi yo.

Prezidan ameriken an, Donald Trump, vizite Eta Florid nan jounen jedi 14 septanm 2017 la pou l te wè ak pwòp je li kijan viktim Siklòn Irma yo ap refè lavi yo.

Lidè ameriken bay moun yo sandwich ak dlo e li fè memm bagay la pou sekouris yo ki, dapre li, ap fè yon "travay enkwayab" pou yo ede moun yo rekanpe sou 2 pye yo apre pasaj gwo kokenn siklòn sa a nan fen semèn pase a. Msye Trump vizite Naples ak Fort Myers, 2 vil ki te pran gwo frap sou pasaj Irma pandan move tan an tap kite kòt Gòlf Florid la pou l pran direksyon nò.

Prezidan Trump, ki te gen avèk li Premyè Dam nan, Melania Trump, ak Vis Prezidan Mike Pence, te bay moun yo lanmen epi li te di yo:

"Nou kanpe avèk nou 100 pousan."

Prezidan an chante lwanj otorite Florid yo, otorite federal ak premye sekouris yo. Li di otorite yo merite konpliman poutèt yo te lanse avètisman byen bonè e se sa ki fè anpil moun pa mouri nan tout eta a.

XS
SM
MD
LG