Prezidan Trump deklare : “Menm jan avèk mwen, Prezidan Xi pa aprese ditou sa k ap pase nan Kòre di Nò a.”
Nan yon konferans pou laprès ki dewoule nan La Mezon Blanch mèkredi 6 septanm 2017 la, Prezidan Donald Trump te gen pou l reponn, antwòt, kèk kesyon sou dosye zam nikleyè Kore di Nò a. Lè jounalis te poze lidè ameriken an kesyon pou mande eske li pare pou l pran aksyon militè kont Pyongyang, li te bay repons sa a :
“Nou pral wè sa k pral pase. Natirèlman opsyon militè a se pa premye chwa nou; men nou pral wè sa k pral pase".
Misye Trump pale konsa apre yon konvèsasyon telefonik li te genyen avèk prezidan chinwa a, Xi Jinping. Lè Lavwadlamerik te mande prezidan an kisa li-menm ak Misye Chi di konsènan dosye nò-koreyen an nan konvèsasyon sa a, li pat bay yon repons definitif:
“Prezidan Chi ta renmen fè yon bagay sou kesyon nò-koreyen an; men kesyon map poze se eske li gen kapasite tout bon pou l fè sa l ta vle fè a?"
Prezidan ameriken an ajoute konvèsasyon li ak Misye Xi sete yon dyalòg “trè ouvè e trè fò; sete yon trè bon konvèsayon telefonik e li te dire lontan.”
Pou sa ki konsène dènye tès nikleyè Kore di Nò a, Misye Trump di Prezidan Xi dakò 100% avèk li. Li fini pa deklare:
“Menm jan avèk mwen, Prezidan Xi pa aprese ditou sa k ap pase nan Kòre di Nò a.”