Accessibility links

Breaking News

Premye Diskou Prezidan Donald Trump devan Asanble Jeneral Nasyon Zini an


Prezidan Donald Trump pandan li tap pale devan Asanble Jeneral NAsyon Zini an nan New York, madi 19 septanm 2017 la.
Prezidan Donald Trump pandan li tap pale devan Asanble Jeneral NAsyon Zini an nan New York, madi 19 septanm 2017 la.

Kore di Nò, Venezuela, Iran, Nesesite yon Kowalisyon pou Lapè: Se kèk nan tèm ki domine mesaj Prezidan Trump mete devan l’ONU an

Prezidan ameriken an, Donald Trump, pwononse madi 19 septanm 2017 la premye diskou li devan Asanble Jeneral Oganizasyon Nasyon Zini an nan okazyon ouvèti 72èm sesyon òdinè asanble a. Lidè ameriken an abòde plizyè dosye enpòtan, tankou “menas Kore di Nò poze pou sekirite Lèzetazini ak sekirite tout peyi ki reprezante nan òganizasyon mondyal la.” Yon lòt gwo pwen nan premye mesaj Misye Trump mete devan l’ONU an, se yon resèt ki, daprè li, kapab garanti siksè òganizasyon an nan lavni. Prezidan Trump di :

Diskou Prezidan ameriken an, Donald Trump, nan Nasyon Zini (Vèsyon Fransè)
please wait

No media source currently available

0:00 0:41:30 0:00

“Siksè Nasyon Zini depann sou fòs chak manm li yo yon faason endepandan. Pou enstitsyon sa a rive surmonte obstak ki devan n jounen jodi ae pou l reyalize pwomès avni li yo, nou dwe komanse ak sajès ki te sèvi nan le pase; reyisit nou depann de yon kowalisyon peyi endepandan e solid ki anbrase souverènte yo pou fè pwomosyon pou sekirite, pwosperite ak lapè pou pwòp tèt yo ak pou lemond.”

Lidè ameriken an te pwofite lanse yon apèl pou l mande peyi sou planòt la plase Kore di Nò nan izolman akoz aksyon otorite peyi sa a ap poze yo. Sou pwen sa a Prezidan Trump deklare:

“Li lè, li tan pou tout peyi travay ansanm pou yo izole rejim Kim nan jiskaske li va mete fen nan yon konpòtman ostil li a.”

Klike sou lyen ki anba tèks la pou w swiv yon entèvyou Ronald César fè ak Pwofesè François Pierre-Louis sou premye diskou Prezidan Trump fè devan asanble jeneral Oganizasyon Nasyon Zini an.

Kòmantè Dr. Francois Pierre Louis sou premye diskou Prezidan Donald Trump la nan l ONU
please wait

No media source currently available

0:00 0:06:55 0:00

XS
SM
MD
LG