Accessibility links

Breaking News

Prezidan Trump Relage Responsablite Vyolans Fatal Charlottesville la sou 2 Pati yo


Prezidan ameriken an Donald Trump akonpaye ak Sekretè Trezò a, Steven Mnuchin, pandan yon konferans de près nan Trump Tower nan New York . 15 out 2017. (Foto: AP/Pablo Martinez Monsivais)
Prezidan ameriken an Donald Trump akonpaye ak Sekretè Trezò a, Steven Mnuchin, pandan yon konferans de près nan Trump Tower nan New York . 15 out 2017. (Foto: AP/Pablo Martinez Monsivais)

Prezidan ameriken an, Donald Trump, fè yon lòt deklarasyon madi 15 out la, kote li blame tou 2 pati ki tap manifeste nan Charlottsville, eta Virjini samdi pase a.

Lokatè Lamezon Blanch pale konsa apre dezyèm deklarasyon li te deja fin fè sou ensidan an nan lendi kote li te kondane Neo-Nazi ak separatis blan yo, men li pat mansyone manifestan anti-rasis yo.

Mesye Trump te kanpe nan koulwa bilding Nouyok li a pou l te pale sou rebati enfrastrikti nasyon an. Sepandan, konferans de près la te vire nan yon pale-anpil ant prezidan an avek jounalis yo ki te vle konnen poukisa li te pran 2 jou pou li itilize mo Neo-nazi, Ku Klux Klan ak sipremasis blan an.

Moun kap kritike Prezidan Trump yo di premye deklarasyon li an te fèb e li pat reyisi kondane blan sipremasis yo men li te prefere lage respoablite vyolans la sou tou 2 kan yo.

XS
SM
MD
LG