Accessibility links

Breaking News

Premye Tank Blende Ameriken Rive Nan Afganistan


Premye Tank Blende Ameriken Rive Nan Afganistan
Premye Tank Blende Ameriken Rive Nan Afganistan

Yon jounal ameriken ki gen anpil enpòtans, The Washington Post, ekri pou l di Lèzetazini ap voye tank militè nan Afganistan pou la premyè fwa depi lagè a te kòmanse kont Taliban yo sa genyen 9 van.

Nan yon atik jounal la pibliye vandredi 19 novanm 2010 la, li fè konnen kòmandan fòs Lèzetazini ak L’OTAN ki nan Afganistan an, Jeneral David Petraeus, te apwouve mwa pase a pwojè pou yo voye 16 tank blende laba a.

Daprè jounal la toujou, pou kòmanse se mèrinn yo ki pral itilize tank sa yo (ki pote mak fabrik M 1 Abrams), nan pati sidwès Afganistan, pi presizeman nan pwovens Helmand, kote mèrinn yo gen lontan depi yo mele nan gwo konba ak konbatan taliban yo.

XS
SM
MD
LG