Accessibility links

Breaking News

Premye Siklòn Pou Sezon 2011 la Pran Nesans : Li Rele Arlene


Acapulco, Meksik
Acapulco, Meksik

O Meksik, otorite yo lanse avètisman bay moun k ap viv sou kot nò-dès peyi a ki anba menas tanpèt twopikal Arlene ---premye gwo siklòn ki pran nesans pou sezon 2011l a sou Oseyan Atlantik la.

Sant Nasyonal Ouragan Lèzetazini an, ki gen baz li nan Miami, fè konnen Arlene fòme depi madi 28 jen 2011 la nan pati nòdwès Gòlf Meksik la e li kapab touche kot peyi Meksik disi jedi.

Sant la presize siklòn nan gen van k ap soufle ak yon vitès 65 kilomèt a lè e li kapab pran fòs nan jou k ap vini yo. Espesyalis meteyo di Arlene kapab lage plis pase 20 santimèt lapli sou Eta Tamaulipas ak Veracruz---e sa ka koze inondasyon ak glisman teren.

XS
SM
MD
LG