Accessibility links

Breaking News

Premye Pitit Prezidan Ameriken an Admèt li Te Rankontre ak yon Responsab Ris


Donald Trump Jr. pi gran pitit gason Prezidan Donald Trump la, ki tap pale ak laprès nan Mezon Blanch. 17 avril 2017 pandan yon aktivite pou selebre fèt Pak la yo rele Easter Egg Roll. (Foto: AP/Carolyn Kaster)
Donald Trump Jr. pi gran pitit gason Prezidan Donald Trump la, ki tap pale ak laprès nan Mezon Blanch. 17 avril 2017 pandan yon aktivite pou selebre fèt Pak la yo rele Easter Egg Roll. (Foto: AP/Carolyn Kaster)

Pi gran pitit gason prezidan Donald Trump la, ki pote menm non ak papa li fè konnen, dimanch 9 jiyè 2017 la, li te rankontre ak yon avoka ki lye ak Kremlen nan Larisi, yon tibout tan apre milyadè nan domèn imobilye a te fin jwenn nominasyon pati repibliken an.

Donald Trump Junior presize li te aksepte pou l rankontre ak avoka ris la nan espwa li ta pral jwenn enfòmasyon sou kanpay rival papa li a, Demokrat Hillary Clinton. Pi gran pitit gason lokatè Mezon Blanch la pibliye yon nòt pou l di fas-a-fas li te genyen ak swadizan reprezantan Kremlen an te dewoule sou baz komkwa li ta pral fè l jwenn enfòmasyon sekrè sou ansyen sekretè deta administrasyon Prezidan Barack Obama a, asavwa Madam Clinton.

Dapre nòt la, Jared Kushner, ki se bofis Mesye Trump ak manajè kanpay kandida repibliken an te prezan nan rankont la tou. Don Junior di tou papa li, an palan Prezidan Donald Trump, pa konn anyen sou rankont sa a.

XS
SM
MD
LG