Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Politik : Depozisyon Ansyen Premye Minis Laurent Lamothe sou Fon Petro Caribe a.


 Ansyen Premye Minis ayisyen Laurent Lamothe. (Foto achiv).
Ansyen Premye Minis ayisyen Laurent Lamothe. (Foto achiv).

Ansyen Premye Minis ayisyen, Laurent Salvador Lamothe, te konparèt nan jounen lendi 18 avril 2016 la, devan Komisyon Etik ak Anti-Koripsyon sena a pou l te reponn kesyon sou fason Leta te jere fon Petro Caribe a sou administrasyon n nan. Ansyen chèf gouvènman an defann jesyon fon an pandan li te sou pouvwa a anvan li te fin pa di administrasyon l lan te fè anpil avèk mwayen limite ki te nan men nou an. (“Nous avons fait beaucoup avec très peu.” Bò kote pa li, prezidan komisyon an, Senatè Youri Latortue, pa fin satisfè ak eksplikasyon Misye Lamothe bay yo. Li di gen anpil pwen ki pa fin klè konsènan divès pwojè gouvènman Lamothe la te finanse ak lajan Petro Caribe a.

==================================

Prezidan Komisyon Jistis ak Sekirite sena a, Jean Renel Sénatus, anonse li pral soumèt devan tout Gran Kò a anvan lontan (semen pwochèn nan) rezilta evalyasyon kalifikasyon Michael Ange Gédéon ki jwenn nominasyon pou l okipe plas chèf Polis Nasyonal Ayiti a (PNH). Misye Gédéon, bò kote pa l, ki te parèt devan komisyon an nan jounen lendi a, te reponn kesyon sou preparasyon li ak kalifikasyon li pou job la. Li deklare: “Mwen gen konfyans mwen pral jwenn aprobasyon sena a.”

NOUVEL AYITI POU MADI 19 AVRIL 2016 LA - VWA: MARIE-LUCE PIERRE & LYONEL DESMARATTES
please wait

No media source currently available

0:00 0:10:44 0:00

FILE - Kandida a la prezidans Jovenel Moise (PHTK).
FILE - Kandida a la prezidans Jovenel Moise (PHTK).

Jovenel Moise, kandida a la prezidans pati PHTK, te pran lapawòl nan jounen lendi a devan yon gwoup etidyan nan Lekòl Elliott, nan Inivèsite George Washington, nan kapital Lèzetazini an, pou l te di yo 2 mo sou pwosesis elektoral la ann Ayiti. Apre sa, Misye Moise bay Lavwadlamerik yon entèvyou kote li lanse apèl bay gouvènman Privert/Jean-Charles la ak tout Konsèy Elektoral Pwovizwa a (KEP) pou l mande yo pa kite dat 14 me a rive san yo pa pibliye kalandriye elektoral la. Si dat sa a pase san piblikasyon kalandriye a, daprè kandida PHTK a, sitiyasyon an pral konplike nan peyi a, paske pèp la pap pran sa konsa.

=====================================

“Pèp Ayisyen an merite yon gouvènman eli.” Se deklarasyon Sekretè Deta Lèzetazini an, John Kerry, fè nan yon entèvyou li bay estasyon televizyon WPLG, afilye chèn televizyon ABC nan Miami nan jounen jedi pase a. Pandan misye Kerry tap pale ak repòtè politik estasyon an, Michael Putney, li kontinye pou l di –nap site:

"Kite m pale klè kou dlo kòk pou m di: Aktè ayisyen yo –swa dizan lidè ayisyen yo--- fèt pou yo konprann genyen yon limit klè nan pasyans ak volonte kominote entènasyonal la pou li aksepte pou moun ap ranvwaye pwosesus la. Pèp Ayisyen an merite genyen yon gouvènman eli e li merite genyen li kounyela a menm."

Chèf diplomasi amerikèn nan pale konsa apre li te fin fè yon diskou nan yon seremoni kote etidyan yo tap resevwa distinksyon nan Inivèsite Miami Dade la. Nan diskou sa a li te abòde pwen cho kap domine aktyalite a atravè kontinan ameriken an.

XS
SM
MD
LG