Accessibility links

Breaking News

Premye Minis Turki a Kalifye Kòm Yon "Masak" Operasyon Kòmando Izrayèl Lanse 31 Me a


Premye minis Erdogan di "pa genyen ekskiz ki kapab lave san yo genyen sou men yo a " (...) e li kontinye pou l' di "masak Izrayèl fè sou manm konvwa batiman ki t'ap pote èd imanitè nan Gaza a merite "tout kalte non".
Premye minis Erdogan di "pa genyen ekskiz ki kapab lave san yo genyen sou men yo a " (...) e li kontinye pou l' di "masak Izrayèl fè sou manm konvwa batiman ki t'ap pote èd imanitè nan Gaza a merite "tout kalte non".

Recep Tayyip Erdogan kritike Izrayèl madi pou sa li rele "masak sanglan" ki pran lavi 9 moun sou yon konvwa asistans imanitè ki ta pral' Gaza lendi 31 me a.

Deklarasyon "pike" premye minis Recep Tayipp Erdogan nan rive apre Turki konvoke nan Ankara anbasadè li genyen nan Izrayèl la e mande yon reyinyon ijan Konsèy sekirite Nasyonzini an pou egzije yon ankèt san passpouki sou atak ki fè san koule lendi 31 me a. Misye Erdogan t'ap pale pou premye fwa an piblik sou ensidan an apre l' te rakousi yon vizit li t'ap fè nan Amerik Latin nan. Chèf gouvènman turk la di "pa genyen ekskiz ki kapab lave san yo genyen sou men yo a " (...) e li kontinye pou l' di "masak Izrayèl fè sou manm konvwa batiman ki t'ap pote èd imanitè nan Gaza a merite "tout kalte non".

Men misye Erdogan tanpere tou diskou li an, e li lanse apèl pou moun aji nan tèt-frèt. Li di tout mezi Turki pra'l adopte se mezi ki pra'l chita sou Dwa Entènasyonal. Li anonse gouvènman turk la voye de (2) avyon-anbilans militè ann Izrayèl pou ede rapatriye blese yo nan peyi yo. Depite Pati li a, ki t'ap koute deklarasyon li, leve kanpe pou bat bravo pou diskou premye minis turk la. Men pi gwo bravo li resevwa a, se lè li mande pou Izrayèl leve anbago li mete sou palestinyen k'ap viv nan Gaza yo.

Izrayèl ak Turki se te, anvan envazyon Gaza ane pase a, 2 alye pwòch (ni sou plan militè ni sou plan politik), men relasyon yo deteryore pi plis kounye a ak operasyon kòmando israyelyen an sou konvwa bato entènasyonal ki te sòt jisteman nan Turki pou al' pote asistans imanitè nan Gaza.

Otorite izrayelyen yo libere yon ponyen sitwayen turk, men genyen plizyè santèn ki anba men yo toujou. Lè yo rive nan ayewopò Ataturk la, nan Istamboul, yo te parèt toudi e fatige, e plizyè douzèn jounalis ki te sou plas te kouvri yo pou poze yo kesyon.

Youn nan rapatriye yo, se Nilufer Cetin. Li te sou bato Mavi Marmara ansanm ak yon ti bebe 1 an li. Li di jounalis yo ki jan atak la dewoule. "Atak la te malouk serye e te genyen gwo afwontman. Bato a te plen san. Operasyon an demare ak kout zam. Yo te koumanse tire kout-dam avètisman (coups de semonce, en franse) pou di pa pwoche, men lè bato Mavi Marmara a te inyore kout-dam yo, avètisman an te vire sou atak".

Izrayèl ki te lanse yon lagè "total" kont Gaza, sa gen 1 an edmi, deklare blokis li mete sou tèritwa palestinyen an se pou febli militan Hamas k'ap plede tire "wokèt" sou nasyon jwif la. Lagè Gaza a lakòz konvèsasyon endirèk izrayelo-siryen Turki te ede mete sou pye yo sispann, e misye Erdogan pa t' mete dlo nan bouch li pou l' kritike ofansiv izrayelyen an. Depi lè a, premye minis Recep Tayyip Erdogan ranfòse relasyon li ak vwazen anti-Izrayèl yo, tankou Iran ak Siri.

XS
SM
MD
LG