Nan yon mesaj ki te pase sou televizyon nasyonal la, Msye Hamdock di li eseye tout bagay. Li ajoute yo te bezwen yon diskisyon tab rond pou yo te ka jwenn yon nouvo antant pou tranzisyon politik Soudan a yon gouvenman demokratik. Li fè konnen malgre li te tante tout bagay, finalman li echwe nan yon peyi kote survi a menase.
Dimanch 2 janvye pase a se te 12 zyèm tranch gwo manifestasyon depi kou deta a. Fos sekirite yo te tire gaz lakrimojen sou manifestan yo nan Karthoum pandan ke protestatè yo tap mache nan direksyon palè prezidansyel la dapre sa imaj televizyon te montre.
Biwo depatman deta pou afè afriken fè parèt yon komunike sou paj twitter li pou fè konnen Etazuni kontinye kanpe avek pep soudanè a nan moman lap pouse pou tabli demokrasi lakay li e li lanse apel pou mande otorite yo pou yo mete fen nan desant-de-lye yo e li kontinye pou-l di violans kont manifestan yo dwe sispann.