Accessibility links

Breaking News

Premye-Minis Netanyahu Reyaji Sou Atak Teroris ki fèt nan Izrayèl


Benjamin Netanyah nan mitan (foto achiv)
Benjamin Netanyah nan mitan (foto achiv)

Premye-minis izrayelyen an, Benjamin Netanyahu di Izrayèl pare pou l aji avèk bon jan fòs e ak detèminasyon pou l kontrekare atak teroris, pandan gen yon ogmantasyon vyolans kont Izrayelo-palestinyen.

Premye-minis la te pale ak jounalis yo pandan li te avèk minis defans Lezetazini an, Robert Gates ki t ap vizite rejyon an. Minis Gates di relasyon sekirite Etazini avek Izrayèl pa janm solid konsa nan moman rejyon an nan pwoblèm.

Nan kòmansman semèn nan yon eksplozyon bonm touye yon sitwayen britanik e blese omwen 31 lòt moun. Militan palestinyen yo te tire wòkèt ak mòtye tou ann Izrayèl ki te reponn avèk atak ayeryen sou sib yo nan Gaza.

XS
SM
MD
LG