Accessibility links

Breaking News

Premye Minis Garry Conille Vizite Sèvis Kreyòl Lavwad Lamerik la Jedi 9 Fevriye 2012 la


Premye Minis ayisyen an Garry Conille nan yon entèvyou nan Lavwadlamerik
Premye Minis ayisyen an Garry Conille nan yon entèvyou nan Lavwadlamerik

Premye Minis ayisyen an, Garry Conille, k ap vizite Washington depi lendi 6 fevriye pase a, fè yon vizit jedi maten nan Lavwadlamerik kote li bay chèf Sèvis Kreyòl la, Ronald César, yon entèvyou kote li prezante yon bilan pasyèl sou misyon li nan kapital Lèzetazini an.

Misye Conille pale, antwòt, de kontak li te genyen avèk ofisyèl Fon Monetè Entènasyonal (FMI), Bank Entè-Ameriken Devlopman (La BID), plizyè otorite nan gouvènman ameriken an, pami yo Sekretè Deta Hillary Clinton epi kèk depite ak senatè. Pami lòt pwen Misye César soulve ak chèf gouvènman ayisyen an, nou kapab site:

-Ranfòsman kowoperasyon ant Lèzetazini ak Ayiti, sitou nan domèn rekonstriksyon peyi a;

-Odit sou jesyon kèk kontra ki te pase sou administrasyon gouvènman pase yo;

-Desizyon ansyen manm FAD’H (ansyen Lame Dayiti) pran pou yo okipe kèk batiman ki te fè pati enstalasyon ansyen kò militè a ;

-Ankèt palman-an sou nasyonalite/sitwayènte manm gouvènman an ;

-Apèl divès òganizasyon dwamoun –nasyonal ak entènasyonal- lanse pou yo mande pwosè ansyen Prezidan a Vi Jean-Claude Duvalier pou krim kont limanite, malgre rekòmandasyon yon jij pou Misye Duvalier konparèt devan lajistis sèlman pou detounnman lajan Leta.

Pami pèsonalite ki te akonpye Premye Minis Garry Conille nan Lavwalamerik, te genyen Prezidan Sena Ayisyen an, Dieuseul Desra Simon, ak depite Guy Gerard Georges, ki se Prezidan Komisyon Afè Etranjè Chanm Bas la. 2 palmantè yo bay Lyonel Desmarattes yon entèvyou kote yo pale, antwòt, de pwen sa yo:

-Bilan misyon delegasyon an nan Washington;

-Rapò ant Pouvwa Egzekitif la ak Pouvwa Lejislatif la, aprè plizyè ensidan kote Prezidan Michel Martelly te swadizan manke kèk palmantè dega;

-Dosye ankèt yon komisyon palman an ap mennen sou nasyonalite manm gouvènman an san bliye sitwayènte Prezidan Martelly;

-Asistans entènasyonal pou Ayiti nan 2 zan ki pase yo, sitou pou kore pwosesis rekontriksyon an ;

-Dosye amandman konstitisyonèl ki ta kapab pèmèt ayisyen ki nan dyaspora a jwe yon pi gwo wòl nan zafè piblik peyi d Ayiti.

Klike sou 2 lyen yo pou w koute entèvyou Premye Minis Garry Conille bay Ronald César epi entèvyon Lyonel Desmarattes fè ak Senatè Dieuseul Desra Simon ak Depite Guy Gérard Georges.

XS
SM
MD
LG