Accessibility links

Breaking News

Premye Minis Ariel Henry Rive Okap Pou Fè Konsta Apre Eksplozyon yon Kamyon Gaz


Premye Minis Ariel Henry rive nan lopital inivesite Justinien an pou vizite moun ki blese nan eksplozyon yon kamyon gaz nan Kap Ayisyen, 14 Dec. 2021.
Premye Minis Ariel Henry rive nan lopital inivesite Justinien an pou vizite moun ki blese nan eksplozyon yon kamyon gaz nan Kap Ayisyen, 14 Dec. 2021.

Pwemye Minis Ayisyen an, Ariel Henry rive nan ayéwopo vil Kap Ayisyen kote l ap rankontre otorite lokal yo ak pote akompayman gouvenman an bay viktim aksidan kamyon ki fet nan lanwit 13 pou louvri 14 desam 2021 an.

Premye Minis Ayisyen Ariel Henry Rive Okap Pou Fe Konsta Aksidan Kamyon Gaz la
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:11 0:00


Premye minis la deklare 3 jou dèy nasyonal pou viktim ki mouri apre yon kamyon ki tap transpote gaz te chavire epi eksploze. Dapre responsab yo, kamyon an tap eseye evite frape yon moto e se konsa li te vin chavire epi eksploze. Kay ak machin ki te nan zon nan pran dife.

Pou kounyea, bilan viktim yo se omwens 50 moun mouri ak plizyè douzèn lòt blese.

Pandansetan nan Nouyok, pòt pawòl Nasyonzuni an, Stephane Dujaric senpati li pou viktim aksidan Kap Ayisyen an.

"Nou kole tèt ansanm ak kolèg nou yo pou eksprime pwofon kondoleyans nou ak solidarite nou ak pep Ayisyen an apre eksplozyon kamyon gaz la nan nuit la nan vil Kap Ayisyen," Misye Dujaric deklare.

"Responsab L'ONU yo ann Ayiti deja mobilize pou pote sipò bay otorite nasyonal kap travay sou repons ak aksidan trajik sa a," li ajoute.

Korespondan VOA Okap, Yvan Martin Jasmin ak Korespondan VOA nan Nasyonzuni, Margaret Besheer, kontribye a repotaj sa a.

XS
SM
MD
LG