Accessibility links

Breaking News

Premyè Dam Amerikèn nan Ap Vizite Afrik di Sid


Premyè dam ameriken an, Michelle Obama, ak ansyen prezidan sid afriken an Nelson Mandela
Premyè dam ameriken an, Michelle Obama, ak ansyen prezidan sid afriken an Nelson Mandela

Yon vwayaj prèske yon semèn Premye Dam Lèzetazini an, Michelle Obama, ap fè sou kontinan afriken an kòmanse ofisyèlman madi 21 jen 2011 la kote li pral vizite Johannesburg.

Nan vil sa a Madan Obama gen pou l vizite Fondasyon Nelson Mandela a kote li pral rankontre madan ansyen prezidan sid-afriken an, Graca Machel, epi vizite yon mize sou epòk apartheid la nan Afrik di Sid la.

Premye dam nan ak 2 pitit fi li, Malia ak Sasha, te debake nan Pretoria, kapital Afrik di Sid, Lendi swa. Manman madan Obama ap patisipe nan vwayaj sa a tou.

Michelle Obama di li pral ankouraje jèn afriken yo pou chache jwe yon wòl lidè nan efò ki dwe fèt pou chache rezoud pwoblèm kontinan an ap konfwonte, tankou povrete, maladi ak chanjman klima a.

Premye dam amerikèn nan anonse li pral ensiste sou enpòtans sante ak edikasyon. Madan Obama gen pou l rankontre ak Prezidan Afrik di Sid la, Jacob Zuma, ak Achevèk Desmond Tutu.

XS
SM
MD
LG