Premyè Dam Lèzetazini an, Michelle Obama, kòmanse yon vizit sou kontinan afriken an, pi presizeman nan peyi Afrik di Sid, nan kad yon virewon 5 jou kote li pral santre atansyon n sou lidèchip pami jèn yo, edikasyon, lasante ak byennèt.
Madam Obama genyen pou l debake nan vil Pretorya kote li pral rankontre ak prezidan sid-afriken an, Jacob Zuma.
Sou pwogram deplasman sa a nou wè premyèr dam amerikèn nan gen pou l ale nan vil Johannesburg pou l vizite Fondasyon Nelson Mandela a ak yon mize kote yo ekspoze pyès ki pale de peryòd apartheir la.