Accessibility links

Breaking News

Premye Atelye - Travay Inisyativ Global Clinton nan sou Envestisman ann Ayiti


Ansyen prezidan ameriken an Bill Clinton
Ansyen prezidan ameriken an Bill Clinton

Ansyen Prezidan ameriken an, Bill Clinton, prezide nan Nouyòk lendi 19 septanm 2011 la, premye atelye-travay Inisyativ Global Clinton nan mete sou pye sou envestisman ann Ayiti.

Atelye sa a te ofri yon okazyon pou manm Inisyativ Clinton nan abòde opòtinite ki genyen nan domèn sa yo : envestisman, kreyasyon djòb, ak devlopman ekonomik ki kapab ankouraje e apiye biznis ann Ayiti.

Prezidan Clinton ak Prezidan Repiblik Dayiti a, Michel Martelly, te pran lapawòl nan akazyon an.

Se konsa tou yo te fè pati yon diskisyon sou diferan tèm ant divès panelis; pami yo te genyen Prezidan Bank Entè-Ameriken Devlopman an, Luis Alberto Moreno; Denis O’Brien, Prezidan Gwoup Digicel; Woong-Ki Kim, prezidan Konpayi Sae-A-Trading, avèk Magalie Dresse, pwopriyetè Caribbean Craft.

Panelis yo pale de eksperyans enteresan yo fè pandan y ap travay ann Ayiti e yo pran angajman pou yo anokouraje lòt konpayi ak lòt moun pou yo ale envesti nan peyi a.

XS
SM
MD
LG