Prezidan Barack Obama fè konnen yon nouvo trete sou zam nikleyè ak Larisi se yon bagay ki esansyèl pou sekirite nasyonal Lèzetazini ; sepandan rediksyon sou taks klas mwayèn nan ap peye reprezante yon pi gwo priyorite pase trete sa a.
Misye Obama abòde dosye a madi 30 novanm 2010 la nan yon pwen-de-près ki te dewoule aprè li te fin rankontre ak lidè repibliken e demokrat nan Kongrè a pou la premyè fwa depi eleksyon mitan-manda ki te fèt nan kòmansman mwa novanm nan.
Prezidan Obama di pwojè trete a jwenn apui ansyen gwo ofisyèl ki te travay nan domèn defans ak diplomasi 2 peyi yo.Trete a –ki rele an abreje START-- t ap wete jiska 30 % sou kantite zam nikleyè Lèzetazini ak Larisi genyen nan lasnal yo.