Accessibility links

Breaking News

Pou Ou Kont Retou Ansyen Prezidan Jean-Claude Duvalier?


Pou Ou Kont Retou Ansyen Prezidan Jean-Claude Duvalier?
Pou Ou Kont Retou Ansyen Prezidan Jean-Claude Duvalier?

Avoka e pwofesè Osner Févry di se yon kesyon moun dwe konsidere sou 3 ang: diplomatik, politik e legal.

Opinyon ayisyen yo pataje sou retou sanzatann ansyen prezidan avi Ayisyen Jean-Claude Duvalier nan peyi li, dimanch 16 janvye a. Sèten moun kwè retou sa a kapab pèmèt yon rekonsilasyon nasyonal, e gen lòt ki di ansyen lidè a ta dwe jije pou krim ki te fèt ant 1957 e 1986 nan peyi a–peryòd kote Duvalier (père et fils) te dirije Ayiti.


Gen obsèvatè ki kwè Mr. Duvalier pa tap retounen Ayiti si l pat jwenn yon garanti non sèlman nan men gouvènman prezidan René Préval la, men tou bò kote kèk manm kominote entènasyonal la–sitou gwo kapital yo kote souvan zòt ap pran desizyon ki afekte avni anpil lòt peyi...Kesyon tou ap poze pou konnen si wi ou non lajistis ayisyèn ta dwe jije ansyen lidè a apre 25 li pase ap viv an egzil an Frans.


Avoka e pwofesè Osner Févry, ansyen sekretè deta (Sekretè-deta Enteryè ak Defans Nasyonal, chaje Afè Prefekti) sou gouvènman J-C Duvalier a nan mitan ane 80 yo, di se yon kesyon moun dwe konsidere sou 3 ang:diplomatik, politik e legal.


Pwofesè Févry reponn kesyon Jean Robert Philippe sou ralonj ki anwo, adwat paj wèb la, kote nou wè ikòn mp3 aDoktè Rony Gilot, ekri 2 liv sou dinasti Duvalier a: "François Duvalier, Le Mal Aimé" ak Jean-Claude Duvalier, ou L’Ingénuité Captive. Li te bay Lyonel Desmarattes yon entèvyou an septanm 2007 sou premye liv la yon ti tan apre l te parèt nan libreri. Lavwadlamerik te pase entèvyou a sou dezoutwa jou apre komemorasyon 50èm anivèsè monte Fançois Duvalier sou pouvwa a ann Ayiti, le 22 septanm 1957.


Nan chita-koze sa a, ki date byen anvan misye Duvalier te retounen sou pouvwa a, ansyen minis enfòmasyon Jean-Claude Duvalier a te deklare li kwè pèp ayisyen ta merite "padone"misye Duvalier puiske ansyen lidè te prezante ekskiz pou tout vye zak ki tonbe sou rejim li te dirije pandan 15 zan an. Nou vle kwè opinyon li rete menm e nou envite'w koute konvèsasyon sa a.


Koute ankò sou ikòn mp3 a Doktè Gilot nan entèvyou a avèk Lyonel Desmarattes ki te pase an septanm 2007 sou Lavwadlamerik, kèk jou apre selebrasyon 50èm anivèsè monte Fançois Duvalier sou pouvwa a.

XS
SM
MD
LG