Accessibility links

Breaking News

Sekretè Deta Mike Pompeo Denonse Divès Tès Misil Kout Pòte Kore di Nò yo


Sekretè Deta Mike Pompeo nan yon entèvyou avèk jounalis chèn televizyon CBS Dayle King nan vil New York, N.Y., nan dat 20 out 2019. [Foto State Department/Ron Przysucha/Public Domain].
Sekretè Deta Mike Pompeo nan yon entèvyou avèk jounalis chèn televizyon CBS Dayle King nan vil New York, N.Y., nan dat 20 out 2019. [Foto State Department/Ron Przysucha/Public Domain].

Sekretè Deta ameriken an, Mike Pompeo, ki t ap pale nan kòmansman jounen madi 20 out 2019 la, deklare seri tès misil kout-pòte Kore di Nò pa sispann fè depi kèk semèn deja se yon sous preokipasyon pou li; konsa chèf diplomasi amerikèn nan montre li pa dakò avèk Prezidan Donald Trump ki, li menm, minimize enpòtans tès sa yo.

Nan yon entèvyou Misye Pompeo bay chèn televizyon CBS, li deklare: "mwen ta pi kontan si yo pat lanse misil sa yo." Depi fen mwa pase a, Kore di Nò lanse yon afè de 6 misil balistik kout-pòte pandan lidè nò-koreyen an, Kim Jong Oun, deklare tès misil sa yo se yon repons pou egzèsis militè Lèzetazini ak Kore di Sid ap fè aktyèlman e ki, daprè Pyongyang, reprezante yon menas pou egzistans Kore di Nò.

Sekretè Deta Mike Pompeo
Sekretè Deta Mike Pompeo

2 dènye misil yo, ke Kore di Nò te teste vandredi pase a, te vole sou yon distans 230 kilomèt sou lanmè ki antoure peyi a; men, si teknisyen yo te vize yon lòt direksyon, yo te byen kapab al frape teritwa sid-koreyen an ansanm avèk militè ak sivil ameriken k ap viv laba a. Lidè Kim di sèl fason pou negosyasyon peyi li sipoze fè avèk Lèzetazini sou kesyon denikleyarizasyon an rekòmanse, se pou egzèsis militè yo pran fen pi ta mwa sa a, men li anile kèk nouvo chita-tande peyi li ta pral fè avèk Kore di Sid.

Prezidan Trump, li menm tou, leve lavwa pou l di kijan li pa kontan; men pa kontan l lan pa gen anyen pou wè avèk tès misil kout pòte Kore di Nò fè yo; men si li pa kontan se poutèt egzèsis militè lame ameikèn nan ap fè avèk fòs Kore di sid yo koute twò chè. Lè laprès mande Misye Trump kisa l panse de tès misil yo, li reponn: "Mwen pa gen pyès pwoblèm ak sa. Se tou senpleman misil kout-pòte."

Prezidan Donald Trump ki t ap rankontre ak lidè Kore di Nò a, kim Jong Un, nan vilaj Panmunjom, Kore di Sid, nan zòn demilitarize a ki separe 2 Kore yo, nan dat 30 jen 2019. (Foto: Kevin Lamarque/Dosye Achiv).
Prezidan Donald Trump ki t ap rankontre ak lidè Kore di Nò a, kim Jong Un, nan vilaj Panmunjom, Kore di Sid, nan zòn demilitarize a ki separe 2 Kore yo, nan dat 30 jen 2019. (Foto: Kevin Lamarque/Dosye Achiv).

Lidè ameriken an konsidere misil sa yo se "ti bagay piti." Pi bonè pandan mwa dout la, Prezidan Trump te di Kim Jong un te voye yon "trè bèl lèt" ba li, e nan lèt sa a te genyen sa lidè ameriken an rele "yon ti eskiz" Misye Kim te prezante poutèt peyi li te fè tès misil yo.

XS
SM
MD
LG