Accessibility links

Breaking News

Seremoni Enstalasyon Mike Pompeo kòm nouvo Sekretè Deta Lèzetazini.

Prezidan Trump ki t ap asiste seremoni enstalasyon nouvo Sekretè Deta a, Mike Pompeo. Pèsonalite ki te prezide seremoni an se Vis Prezidan Mike Pence (li pa sou foto a). (Foto: AP/Andrew Harnik - Washington 2 me 2018).

Mike Pompeo, ki se yon ansyen direktè CIA, pran tèt Depatman Deta aprè Prezidan Trump te revoke ansyen Sekretè Deta Rex Tillerson nan mwa mas pase a kèk èdtan aprè Misye Tillerson te retounen Ozetazini apre yon toune sou kontinan afriken an.

Prezidan Trump ki t ap prezante felisitasyon li bay Misye Pompeo.
Prezidan Trump ki t ap prezante felisitasyon li bay Misye Pompeo.

Misye Pompeo -ki te ale nan Depatman Deta a madi pou premye jou travay konplè li kòm chèf diplomasi- te di manm pèsonèl la: "Se yon jou enpòtan paske se premye vizit prezidan an nan biwo Leta sa a ki si enpòtan."

Misye Pompeo ajoute: "Kò diplomatik Lèzetazini an dwe prezan nan tout kwen, nan tout rejyon nan lemond, pou l al ranpli misyon nan non peyi a; e se avèk imilite mwen aksepte devwa nòb sa a pou m ede nou reyalize travay la."

Nouvo chèf demokrasi Lèzetaini an pran angajman pou l fè bon moral retounen nan Depatman Deta an.

XS
SM
MD
LG