Accessibility links

Breaking News

Polisye nan Pòtoprens Anonse Yo Pral Rekipe Kadav Frèdam yo Otorite yo Abandone nan Site de Dye


Yon manifestan k ap pwoteste kont ensekirite.
Yon manifestan k ap pwoteste kont ensekirite.

Mekredi 17 mas 2021 an yon gwoup polisye, avèk kagoul nan tèt yo pou moun pa idantifye yo, pran lari nan Pòtoprens pou yo egzije bandi Site de Dye yo remèt yo kadav 5 koèg yo ki te mouri nan operasyon vandredi 12 mas la.

Youn nan polisye sa yo, ki reponn kesyon korespondan nou Matiado Vilmé, di objekitf yo se al rekipere kò frèdam yo ki toujou nan men bandi yo. Li akize responsab PNH yo dèske yo te fè negosyasyon ak bandi yo pou yo t al pran machin blende ki te rete nan men mesye sa yo depi operayon an, e li poze kesyon pou l mande: "Si otorite PNH yo, si Leon Charles, te negosye pou yo repran blende a, poukisa yo pa t negosye pou yo te tou sòti ak kadav 5 polisye yo? Nou pral pran kadav yo jodi a."

Swiv entèvyou polisye kagoule a fè sou video avèk korespondan nou, Matiado Vilmé.

XS
SM
MD
LG