Accessibility links

Breaking News

Pi Fò Ameriken Pa Dakò ak yon Plan Trump Genyen pou Fè Refòm nan Lapolis


Nan yon seremoni ki te dewoule nan Jaden Woz Mezon Blanch la, nan dat 16 jen 2020 an, Prezidan Trump, ki te antoure ak yon gwo delegasyon chèf polis, te siyen yon dekrè sou refòm nan fonksyonnman lapolis Ozetazini.
Nan yon seremoni ki te dewoule nan Jaden Woz Mezon Blanch la, nan dat 16 jen 2020 an, Prezidan Trump, ki te antoure ak yon gwo delegasyon chèf polis, te siyen yon dekrè sou refòm nan fonksyonnman lapolis Ozetazini.

Yon sondaj dopinyon piblik montre pi fò sitwayen ameriken yo pa dakò avèk apwòch Prezidan Donald Trump adopte pou l pote refòm nan polis nasyonal la Ozetazini e pozisyon majorite a pran an ap ramanse plis patizan depi 25 me pase a, dat kote sitwayen nwa-ameriken, George Floyd, te pèdi lavi l pandan li te anba men lapolis.

Pandan Misye Trump t ap siyen yon lòd egekitif (swa yon dekre) mwa pase a sou fonksyonnman lapolis, li te deklare:

”Mwen opoze m ak tout fòs mwen kont efò kèk gwoup radikal e danjre ap fè pou yo koupe sou kòb k ap finanse travay lapolis, pou yo demantle epi elimine depatman polis nou yo; mwen opoze kont sa espesyalman nan epòk nou ye la a, kote nou anrejistre pi ba nivo to kriminalite a nan istwa resan peyi nou an.”

Lide ameriken an te ajoute :

“Sitwayen nou yo byen konnen verite a. San polis se dezas, se tyouboum ki genyen. San moun ki la pou fe respekte lalwa, se anaji, se yon sitiyasyon tètanba ou genyen. E san sekirite, se nan katastwòf ou tonbe.”

Shanee Isabell ki t ap lanse yon apèl nan non kouzin li, Charleena Lyles, jedi 18 jen 2020 an, nan yon sware souvni nan okazyon 3èm anivèsè lanmò Charaleena nan vil Seattle, Eta Washington. Lapolis Seattle te bay Miss Lyles yon bal e li pa t pran tan pou l mouri.
Shanee Isabell ki t ap lanse yon apèl nan non kouzin li, Charleena Lyles, jedi 18 jen 2020 an, nan yon sware souvni nan okazyon 3èm anivèsè lanmò Charaleena nan vil Seattle, Eta Washington. Lapolis Seattle te bay Miss Lyles yon bal e li pa t pran tan pou l mouri.

Sepandan, rezilta yon sondaj Inivèsite Monmounth reyalize, montre plis pase 3 ka nan segman popilasyon an ki granmoun majè, swa 77%, ta renmen wè chanjman nan fason lapolis opere Ozetazini, tandiske 18% ta renmen pou otorite yo elimine nèt enstitisyon ki rele lapolis la.

Nan kad kanpay Prezidan Trump ap mennen pou l jwenn yon lòt manda sou pouvwa a, gen piblisite Pati Repibliken an ap fè pase, ki denonse mouvman k ap mande pou gouvènman federal la koupe sou bidjè lapolis la. Prezidan an ap eseye sèvi ak mouvman sa a pou l atake kandida a la pezidans Pati Demokrat la, Joe Biden, kòmkwa se li ki ta va ap ankouraje lide pou gouvènman Etazini an fè yon jan avèk kò polis la.

Sepandan, Misye Biden, pa dakò ak apèl kèk sektè ap lanse pou yo mande yon gwo soustraksyon nan bidjè depatman polis yo. Pandan li tap pale mwa pase a, lit e declare

li anfavè lide pou yo ta asosye finansman federal travay lapolis avèk yon seri de chanjman trèzenpòtan –pami yo ta genyen obligasyon pou enstitisyon polis la aksepte mete an pratik kèk nouvo prensip konsènan itilizasyon lafòs epi pou responsab yo pibliye enfòmasyon sou movòèz konduit polisye yo.

More than two-thirds of Americans, 62%, believe Trump’s management of the recent protests on police reform has made the “current situation worse.” Twenty percent said he made the situation better.

Plis pase 2 tyè sitwayen ameriken yo, swa 62%, panes fason Prezidan Trump ap jere seri pwotestasyon ki te dewoule sa pa gen lontan pou mande refom nan lapolis, fè “sitiyasyon aktyèl la vin pi mal, tandiske 22% di li amelyore sitiyasyon an. Maj erè sondaj la se 3%.

XS
SM
MD
LG