Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Lapolis Fas ak Aktivite Bandi Ame nan Katye Popilè yo


Direktè Jeneral Polis Ayiti a, DGPNH, Michel-Ange Gedeon
Direktè Jeneral Polis Ayiti a, DGPNH, Michel-Ange Gedeon

Dapre plizyè temwen kout zam tap tire tribòbabò nan zòn Bisantnè patikilyèman nan katye Site Plis, yon bigonvil nan kapital la, Pòtoprens, madi 17 avril 2018 la, lè yon gwoup gang te antre nan echanj kout zam ak lapolis ki tap mennen yon operasyon de rekonesans nan zòn nan.

Dapre nouvèl yo, yon chèf gang yo konnen sou non Arnel akonpaye ak yon gwoup akolit li te atake polisye yo. Enfòmasyon yo fè kwè Arnel ta soti blese nan echanj kout zam yo. Tout fwa otorite yo pa di si gen polisye ki ta blese nan afwontman an.

Direktè Polis la, DGPNH , Michel-Ange Gedeon, ki tap reponn kesyon laprès apre yon seremoni gradyasyon yon inite espesyal polis la nan Pòtoprens mèkredi 18 avril 2018 la, konfime operasyon de rekonesans la men pat vle mansyone si gen bandi yo rive arete jan nouvèl yo ap sikile nan laprès la.

Nan kòsmansman semen nan, Prezidan ayisyen Jovenel Moïse te fè konenn li pase enstitisyon polis la enstriksyon pou fè tout sal konnen pou rive fè limyè sou ka jounalis Vladjimir Legagneur la ki disparatèt pandan li te al fè yon repòtaj nan Gran Ravin, yon bidonvil nan zòn Matisan ki gen repitasyon afwontman ame ant gang ak gang.

Lapolis te rekipere chapo jounalisfotgraf la. Sepandan yo pat jwenn kò li oubyen lòt enfòmasyon sou ki kote li ye. Pou kounye a, avèk èd ajan FBI, lapolis nasyonal ap egzamine sak ta sanble kèk pati nan kò moun yon jwenn nan zòn Gran Ravin nan pou konnen si wi ou non se kadav jounalis la ki ta viktim yon asasinay gang nan zòn nan.

Lè jounalis yo te poze DGPNH la kesyon sou ka jounalis disparèt la, li te reponn pou l di lapolis pa janm sispannn travay sou dosye sa e li pwomèt yap rive jwenn sa ki pase tout bon vre nan ka sa a.

XS
SM
MD
LG