Accessibility links

Breaking News

Miz an Gad DGPNH la Kont Politizasyon Enstitisyon Lapolis la


Prezidan ayisyen an, Jovenel Moise (adwat) ak Direktè Polis Nasyonal la, Michel-Ange Gedeon, agoch pandan inogirasyon Jovenel Moïse kòm prezidan Dayiti 7 fevriye 2017. Foto: REUTERS/Andres Martinez Casares
Prezidan ayisyen an, Jovenel Moise (adwat) ak Direktè Polis Nasyonal la, Michel-Ange Gedeon, agoch pandan inogirasyon Jovenel Moïse kòm prezidan Dayiti 7 fevriye 2017. Foto: REUTERS/Andres Martinez Casares

Direktè Polis Nasyonal la Michael Gedeon lanse ton miz an gad sou paj Facebook li bay manm enstitisyon an lè l deklare: "Chaque fois la politique entre dans la cuisine de l'institution, c'est pour tout gacher."

DGPNH la ajoute pou l di gouvènman ap pase, men polis la ap toujou la pou l fè travay li. Chak kandida vin ak pwogram politik pa l men yo oblije enskli sekirite ladan.

Deklarasyon DGPNH la fè sou paj Facebook li jedi 30 me 2018 a vini kèk jou apre pouvwa egzekitif la te pran yon dekrè pou mande Direksyon Jeneral Polis la pou jwenn apwobasyon Konsèy Siperyè Polis la CSPN avan li pran yon seri desizyon.

Komisyon Jistis Sena reyaji sou dosye a akote l ekjize biwo "Gran Kò a" pou l konvoke premye minis Jacques Guy Lafontant ak tout manm Konsèy Siperyè Polis Nasyonal la CSPN" pou yo vin reponn kesyon sou plizyè dosye, antwot, dekrè prezidansyèl kontwovèse a ki dapre Senatè Youri Latortue anpyete sou otonomi PNH la.

Minis Kominikasyon ak Kilti ayisyen an Joseph Guyler C Delva bò kote pal kwè se yon meyè fòmil pou Konsèy Siperyè Polis Nasyonal la gen yon je louvri sou desizyon direktè polis nasyonal la ap pran pou evite dezekilib ak enstabilite. Conseil Superieur Police Nationale CSPN la gen 5 manm 3 reprezantan gouvènman ak 2 reprezantan polis nasyonal la.

XS
SM
MD
LG