Accessibility links

Breaking News

PNH Arete 2 Prezime Bandi Gang G9


Pnh Haiti
Pnh Haiti

Madi 14 desanm 2021 an, pandan yon operasyon ki te dewoule nan Cazeau, DCPJ/BRI, apre plizyè jou t ap swiv aktivite bandi yo, arete lidè gang " terre noire " site solèy,  Cathel Jones ansanm ak tout adjwen li Angelo Mahothière

Pandan operasyon an, yo sezi yon fizi d'atak PA 15 kalib 5.56, seri SDC 087119, de (02) magazin chaje, yon machin NISSAN Xterra blan, imatrikilasyon AA-15840, kat (04) telefòn, ke yo te jwenn nan moman yo tap arete yo.

Kounye a, prezime bandi yo nan DCPJ pou swadizan patisipasyon yo nan plizyè ka kidnaping ak asasina.

XS
SM
MD
LG