Accessibility links

Breaking News

Libi: Plizyè Ofisyèl Gouvènman an Bay Demisyon yo


Residents stand on a tank holding a pre-Gadhafi era national flag inside a security forces compound in Benghazi, Libya, February 21, 2011
Residents stand on a tank holding a pre-Gadhafi era national flag inside a security forces compound in Benghazi, Libya, February 21, 2011

Nan Libi, lidè peyi a, Muammar Gaddafi, kòmanse pèdi apui kèk gwo manm nan gouvènman n nan nan moman ofisyèl libyen yo -kit se sa ki nan peyi a, kit se sa ki an pòs a letranje—deside bay demisyon yo oubyen pase nan lopozisyon, kòm reyaksyon aprè operasyon sere-boulon gouvènman an te lanse kont militan k ap pwoteste a travè tout peyi a pou mande demisyon Misye Gaddafi.

Yè lendi a, Muammar Gaddafi fè yon deklarasyon tou kout nan televizyon kote li fè konnen li toujou twouve l nan Tripoli, kapital la --e non pa o Venezuela-- pandan li te kanpe devan yon machinn dekapotab, avèk yon gwo paraplui nan men n.

Se premye deklarasyon piblik Kadhafi fè, depi manifetasyon yo te kòmanse nan pati lès peyi a lendi pase an-wo, pou yo te gaye apre sa nan Tripoli.

Mouvman leve-kanpe sa a reprezante pi gwo defi gouvènman an ap konfwonte depi Muammar Gaddafi te monte sou pouvwa a sa gen 42 zan.

XS
SM
MD
LG