Ministè defans Afganistan an fè konnen yon bann moun mouri oubyen blese apre yon pale-anpil ki te dewoule nan ayewopò Kaboul la ant yon pilot afgan ak kèk sòlda etranje.
Ministè a di yon boukantay kout zam mèkredi 27 avril 2011 la andedan yon enstalasyon larme delè afgan an abitye itilize, sepandan otorite yo pa bay okenn lòt detay sou ensidan an.
Yon pòtpawòl pou kowalisyon an fè konnen gen viktim pami twoup li yo, men li pa di ki kantite sòlda ki mouri oubyen blese.