Accessibility links

Breaking News

Plizyè Atak Ak Bonm nan Irak fè 27 Mò ak Plis Pase 60 Blese


Yon bonm moun te mare sou yon motosiklèt eksploze tou prè yon gwoup kiltivatè ki te rasanble pou yo chache travay; yon ti moman apre sa, yon lòt bonm ki te arebò yon wout eksploze
Yon bonm moun te mare sou yon motosiklèt eksploze tou prè yon gwoup kiltivatè ki te rasanble pou yo chache travay; yon ti moman apre sa, yon lòt bonm ki te arebò yon wout eksploze

Nan Iraq, otorite yo fè konnen plizyè bonm eksploze nan rejyon kote chiyit ap viv nan kapital la, Bagdad.

Bilan: 27 moun pou pi piti mouri tandiske plis pase 60 lòt blese. Eksplozsyon sa yo -ki rive jedi 5 janvye 2012 la- frape dabò katye Site Sader ki nan pati nò vil la.

Daprè otorite yo toujou, yon bonm moun te mare sou yon motosiklèt eksploze tou prè yon gwoup kiltivatè ki te rasanble pou yo chache travay; yon ti moman apre sa, yon lòt bonm ki te arebò yon wout eksploze – 2 premye eksplozyon sa yo touye 12 moun.

Ansuit, nan katye Kazimiya, yon lòt zòn nan pati nò Bagdad, 2 bonm eksploze e yo touye 15 moun.

Zak vyolans sa yo dewoule 2 semèn apre yon seri de eksplozyon te touye omwen 69 moun plizyè kote nan Bagdad.

Atak yo rive aprè twoup militè Lèzetazini yo te pati kite Irak, nan moman gwo tansyon pa sispann grandi pami lidè politik peyi sa a

XS
SM
MD
LG