Accessibility links

Breaking News

Plizyè Santèn Imigran Kòmanse Rive Meksiko City Pou Mande Azil Nan Peyi Etazini


Acuña, Texas
Acuña, Texas

Plizyè santèn imigran, pami yo Ayisyen, kòmanse rive Meksiko City nan tantativ pou vinn mande azil nan peyi Etazini. Imigran yo te pran yon poz pou manje, ak fè tès anti Kovid la nan yon abri ki sitiye nan pati nò Meksiko City.

Vrèman vre apre plis pase yon mwa edmi karavan ki te pati kite Tapachula eta Chiapas konplete premye etap vwayaj k ap Mennen yo sou fwontyè Etazini pataje ak Meksik.

Irineo Mujica, yon militant k ap defann imigran yo deklare nou reyisi premye objektif vwayaj la ki se rive Meksiko City. Kounye a nou pral kòmanse 2èm etap karavan nan. N ap chache solisyon pou karavan sa a epi pou n jwen altènativ pou diskite politik ki an plas yo. Nou vle konnen plan gouvènman federal la a long e kou tèm.

Apre imigran yo rive nan Meksiko City otorite lokal yo fè yo sibi tès kont COVID-19 ak pran vaksen pou pwoteje yo kont enfeksyon.

Brenda, ki se yon imigran ki soti nan Nikaragwa, deklare "mwen santi m byen le fè ke y ap pran swenm. Nou tout se moun e nou bezwen respè. Yè mwen te kriye pandan mwen t ap pale ak jounalis yo e mwen te di yo nou pa vle rete nan peyi sa a. Nou vle kontinye vwayaje swa pou n vanse plis nan direksyon nò ou byen jwen kèk asistans isit la."

Manm Karavan nan, ki rive nan kapital la Meksiko City, jwen manje, dlo ak elektrisite pou rechaje telefòn selilè yo.

Mercedes Garcia, yon imigran Nikaragweyen, deklare "gras ak gran mèt la nou rive isit la malgre difikilte ak lòt sikonstans nou rankontre sou wout. Gouvènman Meksiken an itilize solda yo ak tout lòt mwayen pou fè n parèt lèd lè l deklare nou se yon seri vòlè, piyajè e nou se yon bann kriminèl. Malgre akizasyon sa yo popilasyon nan Puebla ak Veracruz akeyi nou ap bra louvri."

Imigran ki rive nan Meksiko City a santi yo soulaje apre yo kouvri mwatye trajè pou yo rive sou fwontyè Etazini.

Sa pa gen lontan Etazini te anonse li jwenn yon antant ak Meksik pou l rekòmanse pwogram MPP a ki mande pou imigran ki vinn chache azil sou fwontyè a retounen al tann OMeksik ann atandan yon jij analize demand pou konnen si wi ou non y ap pèmèt yo antre Ozetazini.

XS
SM
MD
LG