Plis Machin Militè Ris Pran Direksyon Krime
Moun te ka wè plis machin militè Ris ak ekipman sou wout pou al nan Prèskil Krime a 20 Fevriye, nan moman kote Moskou kontinye ap ogmante twoup li yo ozalantou Ikrèn. Ris yo ap transpòte machin yo pa tren tou pre vil Temryuk nan rejyon Krasnodar la. Moun gen anpil kè sote pou La Risi pa anvayi Ikren nempòt kilè.