Diplomat ameriken ki nan peyi Irak kwè ajan iranyen te rapousuiv e touye pilòt aviyasyon militè Irak ki t ap bonbade Iran pandan gè Iran-Irak la nan ane 80 yo.
Pozisyon diplomat ameriken yo parèt nan kèk depèch yo te voye bay otorite nan Washington byen ta ane pase a. Se youn nan plizyè milye korespondans diplomatik sit Wikileaks te jwenn e li pibliye sou entènèt la.