Accessibility links

Breaking News

Plibikasyon Plis Dokiman Sekrè Difize sou Prezidan Pakistanè a


Prezidan palestinyen an Mahmoud Abbas
Prezidan palestinyen an Mahmoud Abbas

Yon 2yèm ekip dokiman chèn televizyon Al-Jazeera difize rapòte prezidan palestinyen an, Mahmoud Abbas di li pa ta lojik pou mande Izrayèl pou l absòbe 5 milyon refijye ki ta fè pati yon akò lapè final.

Dokiman fuite sa a montre Mesye Abbas ki rekonèt an prive ke retou menm 1 milyon refijye t ap vle di “fen Izrayèl”. Sa an kontradiksyon ak pozisyon piblik Palestinyen ki fè konprann ke tout refijye lagè 1948-1949 la ak tout desandan yo gen dwa retounen Izrayèl.

Lendi 24 janvye 2011 la, yon asistan Mesye Abbas akize eta Qatar nan Gòlf Persiik la kote Al-Jazeera baze a dèske l ap chache ak tout san fwa li domaje enterè Palestinyen.

XS
SM
MD
LG